Rankontre envestisè ki pare pou sipòte rèv biznis ou yo an Ayiti ou aletranje

Financing for Haitian businesses - CIDEH

Kontakte epi jwenn envestisè ki dispoze pou sipòte lide biznis ou, pou ede w transfòme rèv antreprenarya ou yo an reyalite atravè finansman ak patenarya serye ki bay opòtinite pou kwasans.

MANDE LAJAN

Nou la epi nou pare pou ede w

Nou vle sipòte antreprenè ki gen lide ak antrepriz ki fè yon gwo diferans nan jaden biznis ak sosyete Ayisyen an. Nou konsantre sou transfòme resous nou genyen isit la nan peyi a epi ki poko eksplwate.

KOTE OU KA APLIKE

Nempòt kote depi w se antrepriz Ayisyen, espesyalman en Ayiti, Etazini, Kanada, Lafrans, Chili, Ajantin, Brezil ak Espay.

NAN KI ETAP

Depi premye rive nan dènye etap yo. Lè nou di premye etap yo, nou vle di depi kòmanse nan lide oswa konsèp la

KANTITE NOU BAY

Montan envestisman nou yo varye ant US$5,000 ak $12 000 000,00 selon etap ak aktivite konpayi an ap devlope a.

NAN KI SEKTÈ

Nou apiye tout sektè, men nou bay priyorite sou komès elektwonik, agrikilti, transpò, sante, medya, finans ak edikasyon.

ENVÈSTISÈ YO PRAN AKSYON NAN KONPAYI OU A LÈ YO ENVESTI LADAN N

Haitian Investment and Entrepreneurship Development Club (CIDEH)

Chak fwa nou bay finansman nan yon konpayi, envestisè yo pran yon pati nan biznis ou a men yo tout travay ansanm avèk ou pou fè antrepriz la grandi sou echèl mondyal.

MANDE LAJAN

Modèl biznis nou prefere yo

Nou ede nempòt B2B, B2C, D2C ak B2G depil gen pou wè ak sektè nou apiye yo, tankou: komès elektwonik, sante, agrikilti, edikasyon, transpò, medya, telekominikasyon, touris, imobilye ak tout lòt sektè ki montre gen anpil opòtinite pou fè siksè epi ki ka chanje lavi anpil moun.

fonds pour entreprise haitien CIDEH

Modèl revni biznis

Modèl revni an vle di estrateji biznis la itilize pou vann sèvis la epi fè lajan. Nan CIDEH, nou valorize tout men nou prefere modèl abònman, sèvis freemium, modèl piblisite, premium, freemium. Si w ap chèche konekte ak mache entènasyonal, nou patikilyèman mete aksan sou plas mache an liy, abònman, suscription primwioum ak frimwioum.

Distribisyon fon yo

60% nan fon yo ap sèvi pou apiye antreprenè ayisyen ki baze an Ayiti. Yon lòt 30% ap sèvi pou apiye biznis ki dirije pa dyaspora Ayisyèn nan. Rès 10% ki rete a pral ale nan konpayi etranje ki gen anpil siksè e ki montre yon gwo potansyèl de benefis yon fason pou n divèsifye bagay yo. Nou dwe pratike sa n preche yo.

fonds pour entreprise haitien CIDEH
fonds pour entreprise haitien CIDEH

Strateji ak filozofi envestisman nou

Nou prè pou n sipòte tout fondatè ak kreyatè biznis nan sektè ki pa devlope epi ki pa gen ase finansman nan peyi a men ki kache anpil opòtinite pou bay anpil randman fasilman epi rapidman nan mache Ayiti a epi atravè lemond. Lòt bagay nou fikse sou li se aspè ESG a: non sèlman antrepriz la dwe ekonomikman rantab, li dwe gen enpak pozitif nan anviwònman an, li gen empak pozitif nan sosyete a epi li kontribye nan bon gouvènans.

Me kritè nou evalye pou n finanse yon antrepriz

Kritè sa yo empòtan nan tout endistri finansman antreprenarya nan mond la. Lè nou aplike yo an Ayiti, gen bagay nou adapte a reyalite a. Sa vle di, nou pap twò rijid ni estrik sou tout men, tout antrepriz yo ap pase anba yon analiz trè serye e pwofon anvan nou chwazi yo.

Eskalabilite biznis la

Nou apiye biznis ki gen potansyèl pou grandi rapidman nempòt kote nan peyi a epi ki ka develope e rantab nan nivo entènasyonal.

Opòtinite mache a

Pwoblèm nan ak opòtinite mache a dwe gwo anpil ou ase pou jistifye yon gwo envestisman. Tout envestisè renmen sa.

Inovasyon

Ni biznis la, ni pwodwi ak sèvis la dwe ofri yon bagay nouvo. Fòk li siyifikativman pi bon pase tout altènativ ki la deja yo.

Ekip divès

Nou envesti dabò nan moun ak ekip ki divès. Se pa ide yo sèlman ki enpòtan; se moun ki dèyè yo a. Sil gen plis pase 1 moun, se sa nèt.

Prèv ke l ka mache

Nou rele sa traksyon: si w gen itilizatè deja, revni, pwogram pilòt, oswa nenpòt siy ke pwodwi a mache, sa ogmante kredibilite.

Modèl Revni ki Klè

Biznis la dwe gen yon fason byen defini pou jenere lajan, menm si li poko pwofitab. Li dwe satisfè ekspektativ ekonomik yo.

An akò ak apwòch CIDEH a

Konpayi an dwe aliyen ak apwòch envestisman nou an: jewografi, modèl biznis, sektè ak endistri, modèl revni, nasyonalite, etc.

Peyi kote w ye a

Li enpòtan anpil pou antrepriz la genyen ayisyen ladann epi l gen objektif pou develope ayiti. Kondisyon sa pa negosyab.

Haitian Investment and Entrepreneurship Development Club (CIDEH)

Lòt krite ki ka ogmante chans ou

  • Ou deja anrejistre kòm antrepriz.
  • Ou alie ak filosofi ESG yo.
  • Pratik biznis la pa afekte dwa moun.
  • Ou montre yon plan pou itilize fon yo ak transparans.

KOUNYE A SE MOMAN PARFÈ A POU KANSE BIZNIS OU A

Financing for Haitian businesses - CIDEH

Soumèt aplikasyon ou jodi a epi jwenn finansman pou kreye yon bagay ki vrèman inovatè ki ka fè yon diferans nan sosyete Ayisyèn ak ak tout kominote a atravè lemond.

MANDE LAJAN